Nan Peyi Dayiti 15:36 11/26/97 Via NY Transfer News Collective * All the News that Doesn't Fit "Nan peyi Dayiti" is a sample article from the Creole section of HAITI PROGRES newsweekly. For information on how to receive the complete paper with other news in French, Creole, and English, please contact the paper at (tel) 718-434-8100, (fax) Lang Ayisyen an pa tet kanna anko. Kreyol la monte tab, li pale Loni, li nan afich tren, li sou anpil fom leta Ozetazini, lang nan toupatou l ap make lepa. Ayiti Pwogre ap prezante zanmi lekte sou Entenet yo "NAN PEYI DAYITI" kote y ap jwenn chak semen yon atik sou peyi Dayiti. HAITI PROGRES "Le journal qui offre une alternative" * NAN PEYI DAYITI * 26 novanm - 2 desanm 1997 Volim 15, Nimewo 36 NOUVEL NAN NO Plezans: Gwo tansyon nan mitan popilasyon an Se nan komansman semen pase a, 3 manm GIADERP (Gwoup Inisiyativ Asosiyation Relansman Plezans) jwenn liberasyon yo apre 7 jou prizon nan APENA nan Okap. Abel Moise, Amos Bernadin ak Chauvel Pierre pat defere devan okenn Jij avan yo libere yo. Popilasyon Plezans te gen gwo difikilte pou yo manifeste solidarite yo ak prevni yo epi denonse zak abitre a. Chak fwa yo pwojte yon rasanbleman, polisye ame jouk nan dan ak ranfo soti Lenbe, Gonayiv vin tonbe fe laparad nan tout bouk la. Komise polis Emile Darius fe konnen sou Radyo Zeb Ginen: "n ap arete tout moun ki foure bouch yo nan koze sa a". Prevni plezans yo soti nan prizon ak yon petisyon pou mande sekou ki soti kote 2 lot prizonye politik: Colo Alexis ak fre l Alberto Alexis. 2 sitwayen sa yo te jwenn arestasyon yo nan Oboy 4 Me 1997 la sou lod prezidan Preval ki t ap fe yon vizit nan zon nan. Colo Alexis te pran kouraj li pou te pote kritik seve sou granmaje sou tribin ofisyel kote delegasyon prezidansyel la te chita pou detaye blok ak pwoje machanm peyi a bay peyizan Oboy. Colo ak Alberto Alexis mande pou oganizasyon popile nan No, otorite lajistis yo ak ansyen prezidan Aristide pou di yon mo pou yo paske rejim Preval/OPL la bliye yo nan prizon Okap. Asanble Popile Lokal Lenbe (APLL) ap poze pwoblem zon nan Nan yon chita ak lapres semen pase a, APLL (Asanble Popile Lokal Lenbe) te fe eta gwo kalamite ak move kondisyon lavi popilasyon Lenbe a ap andire. Gen bagay dapre manm APLL yo ki soti direkteman nan enkonsekans otorite lokal yo. APLL denonse pratik krazezo k ap devlope nan komisarya polis Lenbe a, kote kek polisye pase pou met nan zafe entewogatwa prelimine. Fatra ak bet mouri fe kenken nan vil la sitou nan mache piblik la. Youn nan pi gwo pwoblem popilasyon Lenbe a, se movez eta lopital Bon Samariten. Lopital sa ki se pwopriyete prive fanmi Hodgef pa gen yon kad nomal pou akeyi malad yo. Le kek ban fin ranpli, se ate majorite moun yo kouche. Nan lopital Bon Samariten k ap desevi anpil lokalite nan No a, se medikamen ekspire malere, malerez yo ap peye nan yon pri petefyel. Minis Jn Moliere ak Dokte Myrtho Julien, direkte rejyonal sante piblik la ki te vizite Lopital la mwa pase a, pat kache desepsyon yo devan konsta sa yo, sepandan pwopriyete Lopital la ap lage konfizyon kote y ap fe konnen responsab Leta yo pral femen Lopital la, yon bagay ki ta kapab ajite popilasyon an ki pa gen lot kote pou yo ale le yo malad ann atandan. Si yon malad pa gen lajan kach menm si li viktim yon aksidan li pap jwenn premye swen nan Bon Samariten. Sale anplwaye nan Lopital la pa rezonab, se yon eksplwatasyon anraje ki tabli nan diferan sevis yo. Se nan rivye Lenbe a lesiv Lopital la fet, yon bagay ki mete tout popilasyon an andanje ak epidemi ki kapab pwopaje pou benefis pwopriyete Lopital la ki se fanmi Hodgef. Pa gen fos pedi pou jete deche operasyon yo. Elev nan "College du Limbe" ki nan vwazinaj Lopital la ap pase move moman ak lafimen, move ode k ap degaje le met Lopital la deside mete dife nan deche sa yo. Se menm fanmi Hodgef yo ki monopolize alimantasyon vil la nan zafe dlo potab. Denye tan sa yo, siten prensipal la sibi gwo neglijans; li pa netwaye depi 2 zan pase, se dlo fatra k ap koule nan wobinet la. Otorite lokal yo pa leve ti dwet devan sitiyasyon sa a, malgre pwotestasyon dives oganizasyon popile nan zon nan. Devan male pandye sa a, APLL (Asanble Popile Lokal Lenbe) lanse yon mizangad bay pwopriete Lopital Bon Samariten pou yo sispan fe malpwopte nan rivye a, yo mande otorite yo pou yo pran responsablite yo pou pwoteksyon popilasyon an ak anviwonman, epi APLL mande pep la pou l rete vijilan. TI NOUVEL SID Leta Ayisyen abandone Pik Makaya Pik Makaya, youn nan gwo Chen Montay peyi Dayiti posede, pataje ant 2 depatman: Depatman Sid ak Grandans. Pik Makaya se youn nan 3 pak nasyonal peyi Dayiti genyen. Gwo fore Pik Makaya a pemet li awoze ak dlo 2 depatman yo. Dapre yon rechech kek ekspe etranje te fe, Pik Makaya gen yon seri espes plant ak volay yo poko rankontre nan okenn lot peyi. Dapre sa yo di sanble se sel peyi Dayiti ki genyen plant ak volay sa yo. Men malgre tout enpotans Pik Makaya genyen, Leta Ayisyen abandone l. Se yon veritab piyay ki gen nan tout Pik la. Nan pati Sid la sa pi mal. Biznismann rantre nan Pik la koupe bwa pou yo fe planch al vann pou gwo kob. Pa gen okenn siveyans tout bon vre, ti peyizan nan Fomon ki se yon lokalite nan Pik la ap rele deye yon ti gwoup atoufe ki pran Pik la ann otaj. Peyizan yo di moun sa yo gen zam, se sa yo pa vle yo pa fe ak pwodwi Pik Makaya yo, yo menase pou yo asasinen ti peyizan yo. Dapre sa peyizan yo di: ti gwoup ame sa a genyen yon pwoje 26 mil goud nan men yo men yo pa janm we sa moun sa yo ap fe ak lajan sa a. Majistra Kanperen an mesye Remisse Laguerre deklare ministe anviwonman an genyen 22 pwoje milyon dola ameriken nan men l pou li mete ti pwoje nan 3 pak ki gen nan peyi a; jouk jounen jodi a minis lan poko janm di anyen sou sa. Majistra a pwofite mande ministe an pou l fe yon aksyon sou sa k konsene pwoje sa yo ki ta ede peyizan jwenn yon travay pou yo fe, avek sa yo pa ta oblije koupe bwa Pik la pou yo ka goumen ak lamize, grangou ak chomaj. Popilasyon Sid la plenyen anpil pou mepri Leta Ayisyen an devan kokennchenn riches kou Pik Makaya. NOUVEL NAN SIDES Lavale: Eske selebrasyon twazyem anivese POGPOJ se yon denye tantativ pou resisite kadav OPL nan depatman Sides la? Se nan yon anbyans flou mele ak konfizyon POGPOJ (Plat Fom oganizasyon Popile Dezyem Sikonskripsyon Lavale Jakmel), te selebre twazyem anivese l nan Ridore (Lavale), madi 18 novanm nan ve 11 ze nan maten. Dat sa ki ta dwe sevi yon okazyon pou peyizan yo reflechi sou vre sans batay mas esklav yo sou direksyon Kapwalamo te mennen nan Vetye pou te libere peyi a anba dominasyon kolon eksplwate Franse yo sitou nan konteks dezyem okipasyon peyi a, te plis sanble yon denye manev OPL t ap manniganse pou fe demagoji. Pou ki rezon se nan Lavale (Jakmel) kek bawon OPL te pran randevou? Li pa yon sekre pou pesonn moun Lavale tankou anpil lot zon nan depatman sides la se yon kote ki inonde ak ONG (Oganizasyon Non Gouvenmantal), k ap simaye ti pwoje adwatagoch yon mannye pou demobilize peyizan e anpeche yo oganize yo tout bon vre sou pwoblem yo genyen yon fason pou pemet yo lite kont vye system peze souse kowonpi a. Konsa, se yon zon ki ofri teren pou seten eleman ti boujwa opotinis layite ko yo tankou koulev dagwe chak le okazyon an prezante. Nan lane 1994 POGPOJ te pran nesans nan Lavale, nan entansyon pou al nan eleksyon pou swadizan bare wout makout. Men eske objektif POGPOJ la rive atenn? Pou moun k ap swiv dewoulman politik la nan Lavale li paret kle se pa yon batay pou yon chanjman tout bon vre ki enterese oganizasyon an. POGPOJ la plis sanble yon pwolonjman OPL nan Lavale (Jakmel). Kidonk nan konteks sa pa gen okenn demakasyon de klas ki fet pou pep la konnen ki moun ki lenmi l ak ki moun ki zanmi l. Okontre dirijan POGPOJ yo plis ankouraje peyizan ki nan baz gwoupman yo nan yon lojik "ti pwoje" yon fason pou jwe sou mize malere yo, konsa l ap paret pi fasil pou reyini kek moun nan baz gwoupman yo. Se nan konteks sa POGPOJ ta pral sevi baz pou voye Sej Bousiko monte kom depite OPL nan Lavale. Men eske yon platfom ki konsantre tout eneji l nan batay pou pran pouvwa nan eleksyon kelkeswa kondisyon yo kapab bay tet li pote non platfom k ap goumen pou chanjman? Prezans diferan konze OPL nan banboch ki t ap fet la sitou diskou degrenngoch yo te pwononse yo ka pemet anpil moun we kle nan kesyon an. Nou pa ka ouve je mas la le n ap imilye l Youn nan remak ki pi enpotan nou fe nan dewoulman seremoni an se absans patisipasyon peyizan yo nan deba yo. Se plis pedantis ak ekzibisyon sou fom yon patenalis demagojik ki t ap fet. Apa kek soubreka tankou: Tousen Payen, Franzsyo Jwasen (Delege Lavano), Jozef Jan Fileyis (Delege Mon abrile), majorite moun ki te pran lapawol yo se te gwo potanta OPL yo. Pou Depite Sej Bousiko: "Prezans diferan moun ki soti nan dives zon, se prev peyizan yo ka ini". Yon bagay Depite a pran tan pou l te konnen, li te tou pwofite di peyizan yo pou yo pa kwe nan moun, ki donk selon Depite a: "Fok peyizan yo mande palmante yo rapo sou sa y ap fe nan lachanm nan". Anmenmtan Depite a te voye kek toya andaki sou ansyen prezidan Aristid sitou ak kesyon 90.000 bous Aristid te pwomet elev yo e ki dapre Depite Sej te pase angagot. Kanta pou Senate Yvel Cheri, se menm vye diskou pwo neyoliberal ki fin wouye yo li t ap voye monte sa pa nesese pou n ta pedi tan pale de yo. Men, diskou ki te plis enterese nou se te sitou diskou Edga Leblan Prezidan Asanble Nasyonal la. Pou Edga Leblan Olye li te al Latibonit 18 novanm nan ansanm ak Preval nan kad dezyem faz sa anpil moun konnen Kom refom agre Pepe a, li te prefere vin Lavale. Komsi nan Lavale se pa ran opotinis ak woulibe OPL yo li t al gwosi. Pou te kontinye demagoji li a, Senate Leblan fe konnen li pa pran lapawol nan non prezidan Asanble Nasyonal la men pito nan non OPL li defini kom "Oganizasyon Pep k ap Lite". Yon definisyon ki kontre ak politik neyoliberal OPL ap sipote ak wol sousou li bay tet li nan ede meriken fe dappiyan sou tout sa ki rete kom denye ti resous nan peyi a. Egzanp vann minotri ak siman Dayiti se yon bagay vivan ki montre jouk ki bo Preval ak OPL vle rive nan travay koutye yo a. E se pa san rezon anpil moun defini OPL kom: "Oganizasyon Plan Lanmo". Anfen Senate Edga Leblan pat manke pale eleksyon 6 avril yo ak koripsyon OPL ap "konbat", elatriye. Men kanta pou kesyon okipasyon ti bout te Desalin ak Chalmay Peralt la, rekonsilyasyon ak makout mete ak politik vann peyi Preval ak tout ti ekip OPL yo ap mennen an, gwo potanta yo pat soufle yon mo sou sa. Pep la nan batay, opotinis ap fofile ko yo nan pouvwa Tankou nou te di l deja, majorite politisyen ki te prezan nan seremoni an pat gen anyen pou we ak batay pep la ap mennen pou lavi ka fleri tout bon vre. Se sitou yon seri opotinis k ap cheche fofile ko yo nan mitan mas pep la pou fe demagoji sou do l. Eleksyon 25 jen yo montre kou dlo kok se zafe poch ki enterese majorite Depite ak Senate yo. Menm yon ti bout wout yo pa fose gouvenman Preval la konstwi nan zon yo, alewe pou yo ta vote lwa ki ta oblije Preval devlope prodiksyon nasyonal la ki ta kab pemet mas popile yo rale yon souf ak kesyon laviche a. Okontre tout sousi OPL se privatizasyon ak plan neyoliberal ki pral oblije peyizan malere ak res popilasyon peyi a fin kokobe anba lamize. Prezans Jaksonn Belvi dezyem majistra Jakmel la nan seremoni an, se youn nan prev kontre ki montre karakte anti popile aktivite a. Pou moun ki ka bliye n ap raple Jaksonn Belvi se youn nan soufrisken ki te pi awogan kont grev jeneral dives oganizasyon popile te lanse 28 jiye 1997 la. Yon grev ki te gen kom objektif: Dezokipasyon peyi a, kont plan lanmo neyoliberal Preval/Delatou a e pou laviche kaba sou do mas popile a, elatriye. Majistra Jaksonn Belvi te menm mande pou lapolis fe travay li kont manm oganizasyon popile yo, li te trete kom vagabon. Popilasyon Lavale a dwe konte sou pwop fos li Malgre kek blag, Powem, dans ak pyes teyat ki te fe moun griyen dan, popilasyon Lavale a dwe rete vijilan. Kidonk yo dwe veyatif pou pa lage direksyon batay yo nan men yon kolonn opotinis ki deja trayi revandikasyon yo. Mas popile a dwe fe anpil atansyon paske jounen jodi a anpil Jida ki fin likide peyi a bay meriken ap cheche mwayen fe tet yo pase pou inosan paske yo deja pase nan listwa kom Konze. Pep la dwe lite ak kaye revandikasyon l nan men l tankou: Jistis, Demokrasi, Alfabetizasyon, dwa pou peyi a granmoun tet li e fok li konte sou pwop fos li. Se le sa pep la ap kapab etabli vre diferans ant magouye k ap fe machandaj sou do l ak militan konsekan k ap goumen tout bon vre nan entere l. Lakolin: Lamize ap toupizi peyizan yo Dapre sa Philias Ali, yon peyizan ki abite nan Lakolin ki se yon lokalite nan 12zyem seksyon kominal Lamontay Jakmel fe nou konnen: Popilasyon nan zon sa a ap monte yon kokenn poto maswife anba grangou ak laviche. Sa k pi red pou yo, yo pedi net ane sa a tout rekot yo. Se sou ti mayi yo te plante nan jaden yo te mete tout espwa ki ta pral sove lavi yo nan jou ki sot pase yo, cheni rive manje jaden sa yo net kidonk pa gen espwa pou yo anko. Nan sans sa a peyizan nan Lakolin mande gouvenman an eske yo pa moun tankou tout lot moun nan peyi a? Eske se le genyen eleksyon selman pou yo konnen yo la? Le neg ap monte ak gwo levit sou do yo pou vin fe bel pwomes pou ka bafwe peyizan nan Lakolin. Dapre popilasyon an, zon Lakolin se yon kote ki imilye anpil nan seksyon an. N ap fe konnen tou pa menm genyen yon sant sante pou si yon peyizan ta resevwa yon frakti pou l ta pran yon premye swen. Jakmel: Yon aksidan sou wout Litenet Samdi 22 novanm 1997 la li te anviwon 8 te 30 konsa nan aswe, yon machin vet ki te soti Potoprens, ak plak 56.777 k ap travay pou konpayi Richard Laraque rive chavire andesandan Mon Litenet- Jakmel nan moman li t ap transpote siman pou Jak Kawouli. Dapre deklarasyon chofe machin nan Sergo Francois ki gen 30 lane, li te frape nan lestomak ak 2 lot travaye machin nan ki se Durand Michel 27 lane genyen senti l bloke ak pye l kase; Evilio Elvarice, 39 lane, li menm pye l dejwente. Se gras ak konkou kek peyizan nan zon Litenet, moun ki blese yo te transpote nan Lopital St-Michel Jakmel la pou yo t al pran premye swen. Nan moman an lapolis te entevni nan lopital la pou yo te ka we eta blese sa yo, men pat gen prezans jijdepe nan lopital la pou te vin fe konsta, ni Lakwa Wouj pou te bay yon premye swen ak moun sa yo. Le blese yo te rive nan lopital la pat gen dokte pou te konsilte yo, se yon mis ki te la pou kont li ki t ap pase twal gaz pou retire san sou moun sa yo. Li pat ka fe plis pou moun yo ki t ap soufri anpil, sitou pou Durand Michel ki te santi yon boul san anvi bloke ke li. Se yon sitiyasyon ki te bay anpil lapenn. Jakmel: Grangou fe kek moun nan popilasyon an vare sou yon diri gate Nan vil Jakmel,se yon koze diri santi ki domine aktyalite a. Yon diri Ministe sante piblik te komanse detwi. Jedi 13 novanm 97 la yon bato ki rele Star Cheval ki soti nan peyi Lagiyan te antre nan po Jakmel la ak yon kagezon diri kote yon pati nan machandiz sa a te mouye nan lanme. Sa lakoz diri a t ap degaje anpil move lode. Se konsa jou ki te vandredi 21 novanm 97 la responsab sante piblik yo nan Jakmel ki te touche pa dosye sila a te entevni yon lot fwa anko pou fe debake diri ki gate a epitou al jete l oubyen boule l. Anpil moun nan popilasyon an pat dako ak operasyon sa yo kote yo t ap fe anpil vyolans sou anplwaye sante piblik yo pou yo te kab pran diri ki santi an nan men anplwaye yo. Enfomasyon nou rive jwenn fe konnen genyen 2 moun ki t ap anbake diri sou machin sante piblik la ki blese nan moman operasyon diri pa bon an. 2 moun sa yo t al resevwa swen nan lopital St-Michel Jakmel la. Dapre yon lot sous enfomasyon, pou kounye a diri santi a ap vann 4 goud anba mache paske anpil moun te deja fe dappiyanp sou diri santi a swa pou al manje oubyen vann ni. Antouka se pa yon sekre pou okenn moun si gouvenman restavek Preval-OPL la pa kapab pran okenn desizyon pou rezoud pwoblem grangou pep la paske sa ki plis enterese Preval ak tout akolit li yo se fe Bank Mondyal ak meriken plezi. Si jounen jodi a pep Sides la marye ak yon diri santi, pi devan nou pa konn ki sa li pral anbrase paske chen grangou pa jwe. Ansapit: Responsab polis yo inogire yon dezyem pos polis Vandredi 14 novanm 97 la Paul Antoine Sauvillon direkte polis nasyonal Sides la anonse yon ako vebal ant milite dominiken ak polisye ayisyen ki sou fwontye Pedenal. Yon ako pou kapab fe echanj moun ki fe move zak k al refijye yo swa ann Ayiti osinon nan peyi Sen Domeng. Aktyelman genyen 24 polisye ki kantone nan komin Ansapit ki sitiye 184 kilomet Les vil Jakmel kote responsab yo inogire yon dezyem pos polis pou kapab kontwole fwontye a. Nan kad deplwaman polisye yo, gen 150 polisye ki kite depatman Sides la men gen plis pase sa ki antre dapre Paul Antoine Sauvillon. Nan menm kad redeplwaman an, gen 19 polisye ki kantone nan komin Belans ki sitiye 104 kilomet No Vil Jakmel youn nan zon ki toujou gen plis vyolans nan depatman an. Nan sa ki konsene dosye Belans nan, kote popilasyon an te touye nan mwa pase yo ak kout manchet, baton ak woch elatriye yon asasen nan komisarya Belans nan. Direkte Sauvillon fe konnen gen 3 moun ki te alatet mouvman an, 3 moun sa yo pran rak men nenpot moman otorite jidisye ap mete men sou yo pou jije yo. Fok nou di le bandi yo fin fe zak yo nan zon Grangozye ak diferan lot kote, yo toujou pase nan bannann pou yo al kache Sen Domeng. Toujou nan Ansapit, Jou ki te madi 11 novanm 97 la yon gwoup atoufe fe poze sele sou yon jen gason ki pote non Petion ki konn achte woma nan sak pou vann dominiken, komkwa yo di se dwog li te pote nan sak la. Atoufe sa yo se Jean Clauda, Beauvin Calomel, Louis Tenicien ki rale yon revolve 38 sou Petion e yo te pran sak la ak tout machandiz ki te ladan yo. Nan moman an jijdepe a mouche Aurel Pantana te plis ap fe dilatwa li ak gwoup la. Rime ki t ap sikile nan bouk Ansapit fe konnen jijdepe Ansapit la mouche Aurel se degouden ak senkant kob ak bandi yo paske mouche pa fe anyen ak neg yo. Dapre popilasyon Ansapit la jounen jodi a se yon je ouve yon je femen y ap domi akoz ensekirite a k ap vale teren nan zon nan. All articles copyrighted Haiti Progres, Inc. REPRINTS ENCOURAGED Please credit Haiti Progres. -30- ================================================================= NY Transfer News Collective * A Service of Blythe Systems Since 1985 - Information for the Rest of Us 339 Lafayette St., New York, NY 10012 http://www.blythe.org e-mail: nyt@blythe.org ================================================================= nytcari-12.15.97-10:11:37-24152